top of page

Aksyon ou pran nan kominote w

Aplikasyon: Aplike sou sit entènèt nou an nan

https://www.paulineshowayiti.com/ht/konbit-pou-ayiti-survey

 

Komite chak katye ap gen chans pou prezante tout bon aksyon yo te poze nan katye yo.

Chak mwa, chak katye voye rapò sou aksyon yo reyalize.

 

Nou ap oganize konkou "Katye'm pi bèl" ak pri pou premye twa katye ki fè pi bon travay sou yon peryòd de tan:

▪Premye ganyan: 50,000 Goud

▪Dezyèm ganyan: 25,000 Goud

▪Twazyèm ganyan: 10,000 Goud

 

Dokimante foto, videyo, ak temwayaj sou travay ki fet yo pou pataje.

 

Kritè Elijiblite:

  • Anrejistre katye ou an nan Konbit la.

  • Dwe gen yon komite pou reprezante katye a.

  • Nivo patisipasyon moun nan katye a.

  • Kantite ak kalite aksyon yo reyalize.

  • Enpak aksyon yo sou kominote a.

  • Kapab montre rezilta yo ak dokimantasyon klè.

bottom of page